Resumen
Oganizasyon Pan-Ameriken pou Lasante ak Bank Devlopman Karayib prepare ti liv sa a kòm yon zouti pou ede nou pran swen tèt nou ak kominote nou nan sitiyasyon kriz. Li fèt gras a Premye Swen Sikolojik, ke yo rele an anglè PFA, yon repons imanitè, solidè epitou ki pratik pou bay yon lòt moun k ap soufri epi ki ka bezwen èd. Nan ti liv sa a, "asistan PFA" nou an ap gide ou nan twa prensip debaz PFA a: Gade, Koute epi Konekte. Sa ap ede ou vinn pi pre moun ki afekte yo, koute epi konprann bezwen yo ak ba yo sipò pratik ak bonjan enfòmasyon. Epitou sa pral pèmèt ou konprann bezwen chak diferan gwoup, tankou gason, fanm, timoun ak adolesan epi moun andikape yo, elatriye. Tout granmoun kapab vin yon asistan PFA. Pwofite avantaj ti liv sa a ap pote, li l’ epi reli l’ de tan zan tan, pataje li avèk zanmi, fanmi epi ak moun k’ ap viv nan kominote ou, epitou gaye mesaj la: "Ansanm Nou Pi Fò ".
Título traducido
Psychological First Aid. Stronger Together. A guide to help you and your community